Mwen rele Prefas
Ipolit Piè.
Se zo manman’m ki te ban’m libète,
Se sou fyèl gran papa-m mouche kolon te mache,
Pou Ayiti te ka rele’m
Pa-m.
Se pa-m,
Se pa-w.
Ou se frè mwen, menm si-w di nou pa menm.
Se anba savan ou te kon al kouche,
Lè-w tap batay ak mwen
Pou mil-wisan-kat.
Mwen menm nèg nwè,
Nèg fèy,
Nèg savan,
Nèg ki travay latè di,
Se sèl je rouj mwen-an ki te kon fè
Blan kolon pè,
Fè yo kwè se lougawou,
Pou yo te ka kouri,
Kite-w anpè,
Lè ou menm vye frè mwen
Te kouche do ba,
Lan savan,
Pou koulè-w pa trayi-w.
Kounouye-a,
Wap di-m lan mèd,
Ou pa konen-m,
Ou pa zanmi-m.
Men sonje byen vye frè,
Peyi-a se pou ou,
Se pou mwen,
Se pou nou tout.
Map soufri,
Map kryie,
Pitit mwen lan grangou,
Ou fè kankou-w pa wè.
Men sonje byen vye frè,
Nou tout lan menm batay la,
Batay pou nou granmoun
Lakay manman nou,
Lakay papa nou.
Papa Desalin,
Tonton Tousen,
Lonk mwen Kristóf,
Yo tout te batay pou ou,
Pou mwen,
Pou nou tout.
Peyi-a pou nou tout,
Li se pou ou,
Pou mwen,
Pou pitit ou,
Pitit mwen,
Pitit-pitit ou,
Pitit-pitit mwen.
Lè-w ouvri janm Raboto,
Desan kilót Laferyè,
Pete trip Lagonav,
Se nou tout kap soufri.
Wa va manje jodi,
Men e demen vye frè?
Eske pitit-pitit,
Dwe toujou pwal lótbó dlo?
Kilè nap ka dómi,
Lan kaban lakay nou,
Pou lè kók la chante,
Pou’n tande’l chak maten,
Lan kaban lakay pa nou?
Peyi-a se pou ou,
E li se pou mwen tou,
Desalin te kite-l,
Pou mwenmenm ak oumenm.
Tousen te pran prizon,
Joukatan li mouri,
Paske li tap batay
Pou mwenmen
Ak oumenm.
Kristóf konstri chato,
Pou’l fan kankès blan franse.
E kounye-a vye frè,
Pouki nou paka antan nou?
Sispan twaze-m vye frè,
Mwen la-a e mwen la-a nèt,
Rasin mwen pa pópóy,
Li donnen nan tè sa-a.
Peyi-an pou nou de,
Pou nou twa,
Pou nou tout.
Apran pale ak mwen.
Si ou pa vle vye frè,
Fyèl nou tout ap pete.

