Institute for Research in Social Science & Politics - Haiti

Research for Progress

Institute for Research in Social Sciences and Politics

Enkyetid Garr Ak Padpa

Konferans pou Laprès, lendi 8 avril 2002

Sa fè kèk tan depi koze zòn franch nan tout liy fwontyè a ap pale. Men depi apre vizit prezidan Aristid nan Santo Domingo, 16 janvye ki sot pase la, gen yon vitès siperyè ki pase. Nan mitan mwa fevriye a, Direksyon Jeneral Enpo(DGI), avèk alatèt li Mesye Jocelerme Privert, te rann li nan Wanamaent ansanm ak plizyè teknisyen dominiken pou yo apante yon kantite tè kote gouvènman Ayiti ak gouvènman dominiken chwazi pou enstale premye zòn franch yo nan Nòdès. Dapre laprès dominikèn, nan jou sa yo, 2 chèf Leta yo(Jean Bertrand Aristid ak Hipolito Mejia) gen pou yo inogire ofisyèlman koumansman enstalasyon premye zòn franch bi-nasyonal yo.

Dapre menm enfòmasyon yo, se gwoup M, yon gwoup bizisman ki enstale deja an Repiblik Dominikèn plizyè zòn franch, ki pral tabli faktori sa yo sou fwontyè a. Gwoup sa a te fonde nan lane 1980 yo, lè mouvman dechoukay te tanmen an Ayiti pou l te kapab pwofite de faktori ki ta pral kite Ayiti akòz sitiyasyon politik la ki te koumanse mangonmen.

Tout nouvèl sa yo ki konsène pwojè zòn franch sa yo, se nan laprès dominikèn nou jwenn yo. Gouvènman ayisyen an ki toujou ap preche transparans, pa janm bay okenn enfòmasyon sou sa.

Nan Wanament, yo monte sou pi bon tè ki genyen nan plèn Maribawou, yo penetre nan lakou moun yo pou fè apantaj. Lè moun yo mande yon ti esplikasyon, pèsonn pa reponn yo. Tout otorite nan zòn nan bèbè sou kesyon an, oubyen yo di yo pa konnen sa k ap pase.

Devan tout manèv anbachal sa yo, nou gen anpil enkyetid e nou fè konferans sa a pou nou di enkyetid nou, pou nou di jan nou estomake devan konpòtman gouvènman ayisyen an k ap mennen tout aktivite sa yo nan non nasyon an, san li pa founi okenn esplikasyon, san li pa fè okenn deba, alòske pwojè zòn franch sou fwontyè a pral gen anpil konsekans sou lavni peyi a.

Noumenm GARR ak PAPDA n ap poze tèt nou kesyon sa yo :

  1. Ki plan amenajman gouvènman ayisyen an genyen pou depatman Nòdès la ?
  2. Ki rapò ki genyen ant enstalasyon zòn franch yo ak rès ekonomi peyi a ?
    Kisa k ap fèt pou zòn franch sa yo pote debon e non malè pou lòt sektè pwodiksyon yo, tankou sektè agrikòl la ?
  3. Kijan Leta ayisyen ap fè pou kontwole mouvman popilasyon ki vle pa vle pral vin chache travay nan zòn sa yo ? Kisa ki prevwa pou travayè yo jwenn manje, dòmi, sekirite, edikasyon, laswenyaj eksetera ?
  4. Nan ki kondisyon yo pral travay ? Ki salè y ap touche ? Anba labanyè ki kòd travay yo pral fonksyone ? Eske se Kòd travay ayisyen oswa kòd travay dominiken ?
  5. Ki pwoteksyon espesyal k ap pran pou dwa fanm yo respekte ? Eske ouvriye yo ap gen dwa fè sendika ?
  6. Kilès k ap reskonsab sekirite nan zòn sa a?
  7. Eske se Polis Nasyonal la oswa Lame Dominikèn?
  8. Yo di se yon zòn franch jimèl ki pral tabli nan Nòdès la, sa vle di yon zòn franch ant ayisyen ak dominiken k ap separe ak yon pon. Kijan travay la pral separe ant bizisman toulède peyi yo ? Eske zòn franch sa yo pa pral ogmante vyolasyon dwa moun ki toujou ap fèt sou fwontyè a?

Fas a tout enkyetid sa yo, noumenm GARR ak PAPDA, nou mande:

N ap fè remake se depi 1969 n ap tande fo pwomès plizyè gouvènman ki pase nan tèt pouvwa a ki vle fè n kwè peyi nou an dwe tounen " yon ti Taiwann nan Karayib la) avèk enstalasyon zòn franch kòm motè devlopman. Men istwa ekonomik peyi sa a montre pawòl sa yo se manti. Soutretans la an Ayiti se yon sektè fèmen ki pa makonnen ak okenn lòt sektè aktivite nan ekonomi. Ansuit, se yon endistri pye lejè ki pa estab, ki pa dirab, ki kouri leve tant li depi gen yon ti pwoblèm. Se yon sektè kote yo souse san travayè yo, espesyalman fanm yo, e ki kale bidonvil ak lamizè. Sèl fason pou zòn franch la ta pote yon ti kichòy pou peyi a, se si li te antre nan yon plan devlopman pi laj, yon plan ki klè, ki byen panse e ki makònen ak lòt sektè. Lè sa a, zòn franch la t ap vini kòm yon diplis, yon konpleman, men li pa p janm kapab tounen motè devlopman peyi a.

Pou n fini, n ap mande poukisa gouvènman ayisyen an chwazi faktori pito ? Poukisa li pa envesti nan apiye peyizan yo k ap plante e k ap vann yon seri pwodui ki an demann jounen jodi a an Repiblik Dominikèn ak sou mache entènasyonal la ?

PAPDA ak GARR, 8 avril 2002

501(c)(3) Non-profit Organization

Support IRSP

Get the IRSP Alert


Photo1Cover

Haiti, Rising Flames from Burning Ashes: Haiti the Phoenix — By Hyppolite Pierre. $49.00, Paper, ISBN 0-7618-3369-2, University Press, 390pp, 2006
Add to Cart
Book Reviews

Press Releases